Tip:
Highlight text to annotate it
X
Mwen ta di tout moun New York yo, anvan ou achte nenpòt mèb, tanpri fè yon rechèch apwofondi
pou konnen si magazen an patikilye ou chwazi a gen yon bon evalyasyon.
Mwen te mande pou yo remèt mwen lajan mwen epi yo di yo pa remèt lajan. Yo pa gen règleman
Nan biznis yo. Se sa ki fè mwen rele 311. Si yo gen yon règleman, mwen pa pral batay.
Mwen te achte yon bous nan yon magazen ki te gen etikèt avèk yon pri sou li epi pita mwen te vin konnen
yo te fè mwen peye twòp lajan parapò avèk sa pri-dacha a te ye.
Si ou pa afiche yon pri, ou sipoze respekte pri a epi ou pa dwe fè kliyan ou peye twòp lajan
pou li. Youn nan bagay mwen aprann epi mwen pa
vizite New York anpil menmsi li enpòtan pou gen resi ou. Non sèlman sa te ede mwen
paske mwen te kapab pwouve kalite dosye mwen men tou sou do a se te nimewo 311
pou mwen te rele Depatman Zafè Konsomatè epi yo te kapab bay
èd la. Poutèt sa si yon moun ap vizite New York, li ta dwe itilize Depatman an epi li ta dwe gen resi li
lè li ale nan garaj pakin. Yo la pou ede epi yo te sètènman ede mwen.
Li ilegal pou fè reklam pou pri ki ba sou atik ou pa menm genyen ki disponib
pou kliyan yo, sa ki rele manti nan reklam.
Si ou gen balans menm jan ak mwen, Depatman Zafè Konsomatè dwe
enspekte yo chak ane pou asire yo gen presizyon. Nou konnen nou dwe pozisyone balans
nou yon fason pou kliyan yo kapab wè pri a ak pwa a pou chak liv.”
Sa a se kesyon mwen te poze tout Konpayi Kat kredi yo. “Montre mwen yon fèy papye.”
“Montre mwen yon ti prèv mwen te itilize li.” Answit, mwen pwomèt, mwen sèmante m ap
bay ou chak grenn santim. Mwen panse tout moun New York yo bezwen fè rechèch
sou magazen an, sou tout règleman yo, sou garanti yo, ak sou nenpòt enfòmasyon anvan yo achte nenpòt bagay
nenpòt kote. Mwen te ale nan sant lan pou premye fwa paske mwen te gen
pwoblèm avèk dèt mwen epi mwen te vle aprann fason pou ranje li epi toujou kapab jere
lajan mwen kòrèkteman epi mwen peye bòdwo mwen yo epi mwen pa santi se yon kontrent.
Chak ane, anpil milye konsomatè New York ap chèche èd nan Zafè Konsomatè konsènan
pou yon pwoblèm yo genyen avèk yon biznis. Nou tande toulède vèsyon istwa a epi nou travay pou
jwenn solisyon ki jis ak agreyab pou chak moun. Ale nan sitwèb nyc.gov oswa rele 311 pou
tcheke si yon biznis gen yon lisans Zafè Konsomatè oswa pou fè yon plent konsomatè.